(Chorus)
Chapa padapa
Chapada ou ou ou ou eh eh
-Verse-
Pi gwo ènmi-w se tèt ou
Men pi bon zanmi w se ou
Menmsi nan lavi w bezwen tout moun
Pa janm sèvi lonbraj pyès moun
Sou katyem te gon mesye
Ti Joseph konsal te rele
L’pat janm nan Kont mal taye
Alevwa pou kraze
Ak pasyon’l t’ap pous’on bourèt
Madanm li te konn vann sirèt (oh oh oh)
Yap bourike pou yo manje
Pou lekòl timoun yo peye
Ti Joseph vin kwaz’on big boss
Ki ba’l fè ti travay (oh oh oh)
Yo vin mare yon zanmitay
Konsa lavi’l kòmanse chanje yeah an an
Se la a pwoblèm yo kòmanse ee ( Wi li chanje )
-Solo Keyboard-
Men Konpa (VAKAM)
Kè nou pwòp vokal nou pwòp
Nap bay lanmou
-Verse-
Ah ah ahy
W’rantre nan vil pran pòz pi bon zanmi’l
Gonfle tèt li ak anpil bèl pawòl
Di’l l’ap mal viv ou pral montre’l bèl vi yeah
Depi’l tande’w pa gen pa fè siksè non
-Chorus-
Bal yon zam ak anpil katouch
Fè’l konprann li ka chèf zòn nan
Nan ransone moun ( ransone moun )
Fè vye konplo kidnape moun ( Oh Oh )
Ti Joseph bliye ( Wi li bliye )
Depi-w gen ke-w pa janbe dife
-Verse-
Ah ah ahy
W’rantre nan vil pran pòz pi bon zanmi’l
Gonfle tèt li ak anpil bèl pawòl
Di’l l’ap mal viv ou pral montre’l bèl vi
Depi’l koute’w pa gen pa reyisi iiiii
-Chorus-
Bal yon zam ak anpil katouch
Fè’l konprann li ka chèf zòn nan
Nan ransone moun ( ransone moun )
Fè vye konplo kidnape moun ( Oh Oh )
Ti Joseph bliye ( Sa li bliye )
Depi-w gen ke-w pa janbe dife
-Solo Keyboard-
This is how we do it
Let’s go
V,A,K,A,M
VAKAM nan zòn nan
Nou lakay ou
Eh Eh
-Chorus-
Detrui’l ak fo espwa
Nan fè’l fè sak pa sa
Detrui’l ak fo espwa
Nan fè’l fè sak pa sa
J JY ( Eh Eh )
Pa di Why
-Chorus-
Eske konsyans ou pa janm repwoche’w
Lè w’ap gade frè w ak sè w kap peri
Eske konsyans ou pa janm repwoche’w
Lè w’ap gade pwòp fanmi w kap mouri
-Verse-
Paske’w ta pral nan eleksyon
Ou sakrifye tout yon fanmi
Men de bonne intention
Ki t’ap chèche lavi
Ki mele’w depi’w gen pouvwa
Nan rich Nan fo kontra
Kwè’m si’w vle w’gen pou’w peye sa
Menmsi souf li koupe
-Chorus-
Eske konsyans ou pa janm repwoche’w
Lè w’ap gade frè w ak sè w kap peri
Eske konsyans ou pa janm repwoche’w
Lè w’ap gade pwòp fanmi w kap mouri
( Fanmi k’ap mouri )
-Verse-
Paske’w ta pral nan eleksyon
Ou sakrifye tout yon fanmi
Men de bonne intention
Ki t’ap chèche lavi
Ki mele’w depi’w gen pouvwa
Nan rich Nan fo kontra
Kwè’m si’w vle w’gen pou’w peye sa
Menmsi souf li koupe
-Solo Guitar-
Men Konpa
-Chorus-
Eske konsyans ou pa janm repwoche’w
Lè w’ap gade frè w ak sè w kap peri
Eske konsyans ou pa janm repwoche’w
Lè w’ap gade pwòp fanmi w kap mouri